Lyrics

Nou tout ap fè sanblan nou byen men nou mal Nou bay vizaj moun ki ge men o fon nou kal Figi nou make jwa men anndan nou pal Nou santi bon byen abiye men anndan nou sal Mond lan vin telman fake je Donne raison à qui vit seul Pa gen koup ki solid tout mare a ti fisèl Ou pa konn ki fanm ki pa bon tout gen vizaj a ti pucelle Pa gen moun ki vrai tout moun atifisyel Nou pito envite yon vi olyen afiche nou jann ye a Bay tèt nou manti olye nou pran lavi janl ye a Pa gen nou youn ki pou chanjman donk nou chak chwazi yon klan Nou youn pa vle onèt donk nou chak chwazi yon plan Tout moun vle lapè men ki moun ki fè premye pa a hein Tout moun vle ede ki moun ki lonje premye bra a hein Tout moun vle pataje men kiyes ki bay premye pla ahein Kilè nap gen kran poun di se nouk fè premye ka a hein Lanmou nou fake Aparans nou fake Souri nou fake Wi nou tout fake Nou tout gen kè nan men menn pap separe lè se pa nou Annik chita n toujou wè san ta fè lè se pa nou Pa gen moun ki onèt, pa gen moun ki vrè Figi nou tout makiye, pa gen moun ki fyè Je nou tout kale, men pa gen moun ki wè Mond lan ap depafini men pa gen moun ki wè Nou tout ap viv nan manti nou pwograme kon pc Aparans nou fo e pèsonaliten konprese On se voile la face e pa gen moun ki konfese Nou pè jijman lòt lèn san makiyaj nou konplekse Lè figiw pa gen make up, ou pa gen fo zong, ou pa gen fo cheve ou twouvew lèd Lèw pa twouvew two nwè, ou pa gen bouda Lèw pa twouvew twò gwo ou twouvew mèg Men se pa fòt nou se fot sosyete a Ou santiw pi alèz pouw preche fo de saw swete a Nou pa fyè de sa nou ye nou kache dèyè maskara Nou tèlman pè jijman lòt nou sanble yon bann maskarad Nou pa fyè de jan nap viv nou parèt a on lot klas Nap chanje koulè nou poun sanble a yon lòt ras Yo pa konn ki moun nou ye koz nou parèt a yon lot plas Nou pa gen idantite chak joun parèt a yon lòt fas
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out